Monday, June 24, 2013

Blag: Demand maryaj san parèy

Se yon ti dam ki di papal ke Toto ap vin fè la demand pou li, nan apremidi lè Toto rive kay papa fi a li gon chiklèt nan bouch lap moulen
papa a di: Toto eske c pa mank respè pou vin kotem epi chiklet nan bouch ou konsa.Toto: Ah! C paskem sot fimen wi papiPapa: An ou fimen?Toto: wi depim komanse bwè anpil m fimen.Papa: An ou bwè tou?Toto: Mewi lem al nan kafe m bwe anpil wiPapa: sa fe konbyen tan depiw pral nan kafeToto: Ah depi lem sot nan prizon anPapa: Ah bon! Ou te nan prison. Poukisa menm?Toto: Ah m te touye yon neg Papa: oh poukisa menm?Toto: Ah misye pat vlem marye ak pitit fi li a.Papa: ebyen monchè m pa gen pwoblem avew ou t mèt marye ak fanm ou frèm.

Add to Cart

0 commentaires:

Post a Comment

Total Pageviews